LYON MAWON
Moun ki ekri istwa sa a te enskri nan kou Kreyòl ayisyen entèmedyè Centre Toussaint ofri a. Moun sa a jwenn youn nan pi gwo rezilta pami tout elèv nan kou a pou konpozisyon ekri. Chak elèv te dwe ekri yon dyalòg, poukont li oswa ak yon lòt moun, nan konpozisyon an nou te dwe jwenn diferan nosyon yo te aprann nan kou a. Sa bay yon bèl rezilta! Centre Toussaint fyè prezante nou istwa orijinal elèv yo konpoze. Se Sly Toussaint ki korije tout istwa yo. Bon lekti!
______________________________________________________
Istwa kijan Lyon vin mawon
Granmoun: Krik?
Timoun: Krak!
G: Èske ou konn istwa premye mawon an?
T: Non.
G: Ebyen, ban m di w istwa bosal ki te rele Lyon an!
T: Poukisa yo te rele l Lyon?
G: Misye te tèlman move, tèlman bourik, menm travay li pa t ka fè. Yo di Lyon «wi», li reponn «non». Yo di l «agòch», li reponn «adwat». Chak swa, yo te konn bay Lyon kout sentiwon men li pa t janm kriye paske li te gentan konnen li t ap jwenn yon jan pou l sòti nan laplenn kolon an.
T: Men kijan l ap fè pou l sòti?
G: Sa fè sèlman de semèn bòsal la laplenn. Li pa konn ki kote li ye. Menm laplenn li pa konnen. Mèt yo te tèlman bouke avè l, yo mare pye l ak yon kòd.
T: Mmmmm… Lyon pa bon menm! Li p ap janm chape kò l!.
G: Sispann! Se mwen menm oubyen ou menm k ap rakonte istwa a?
Tim tim?
T: Bwa chèch!
G: Yon swa konsa, lannuit la te nwa, nwa, nwa nèt! Ni lalin, ni zetwal pa t limen nan syèl la. Nan gade sa k ap pase anlè, sa k ap pase anba, Lyon wè de twa ti limyè. Y ap ouvri, fenmen, ouvri, fenmen. Ebyen, se lè sa a Lyon panse: «Mete gason sou ou! Se kounye a bagay yo pral fèt!» Chans pou Lyon, bò kote l, te genyen yon kokiyaj lanbi. Li koupe kòd nan pye l avè l epi Lyon pete kouri. Li kouri, li kouri, li kouri… Lyon te gentan lwen lè mèt yo wè li chape kò l. Li kouri jistan li jwenn ti limyè yo. Èske ou konn sa ti limye sa yo te ye?
T: Limyè ab de Nwèl la?
G: Non, se koukouy yo te ye. Pa t gen ab de Nwèl… Antouka! Yo t ap vole arebò Lyon epi se tankou yo t ap mande l pou li suiv yo. Lyon mache nan bwa a jistan li rive nan yon mòn. Li kontinye suiv yo. Li monte mòn nan tout lannuit. Nan maten Lyon resi sove. Li jwenn libète l. Mèt yo pa janm jwenn li. Epi se konsa Lyon mawon.
T: Men poukisa li deside suiv yo? Sa pa fè sans. Se bèt yo ye.
G: Granmoun lontan te konn di koukouy se lwa moun ki mouri anvan w. Yo sou latè pou ede sa ki pi bezwen…
An konklizyon
Kounye a, lè gen lannuit san lalin ni zetwal, tande byen, gade byen. W ap wè koukouy sa yo epi w ap tande Lyon k ap soufle nan lanbi l la pou tout moun ki vle chape ka suiv li nan mòn nan tou.
Poukisa ou pa swiv kou kreyòl ayisyen ak Centre Toussaint?
Pandan w ap tann pou w enskri, kontinye li istwa an Kreyòl ayisyen sou sit entènèt nou an. Fè m konnen nan kòmantè yo sa ou te renmen nan istwa sa a.
Otè: Mariskha Étienne
Komantè Facebook