REJWENN PWOCHEN GWOUP LA
KREYÒL AYISYEN
Gen plis pase 100 lang kreyòl nan mond lan. Pami yo, se kreyòl ayisyen an ke plis moun pale. An reyalite, genyen apeprè 11 milyon moun ki pale kreyòl an Ayiti ak plis pase 2 milyon moun nan rès mond lan, espesyalman nan Etazini, Repiblik Dominikèn, Kiba ak Kanada. Menm jan lang kreyòl ayisyen an ap evolye a, se menm jan kantite moun ki pale’l yo ap evolye tou.
Aprann kreyòl ayisyen an yon fason akademik. Menm Ayisyen natif natal yo sezi wè aprantisaj pèsonel yo, paske kou kreyòl ayisyen nou yo, se san dout pi bon kou ou te ka jwenn: yo detaye, yo pwogresif, yo enspire pa pi bon kou lang yo, avèk dyalòg epi bon egzèsis nan chak leson. Gen plis pase 20 leson pou chak nivo, elatriye.
Fè yon tès klasman
Chwazi yon nivo selon konesans ou.
Aprann nenpòt kote ou ye
Sou entènèt ak nenpòt ki aparèy.
Rete konekte
Ak fòmatè epi lòt patisipan yo.
Reprann nivo a si sa nesesè
Solidifye konpetans ou anvan ou pase nan etap aprè an.
Jwenn enfòmasyon sou règleman yo
Daprè Akademi Kreyòl Ayisyen an.
PWOGRAM DE BAZ NOU
Manman’m ak papa'm te konn pale Kreyòl ayisyen an lakay la sèl lè yo te vle repwoche nou yon fot. Kou sa a te ban'm konfyans pou mwen pale, ekri ak li bèl lang sa a ki se Kreyòl ayisyen an.
Mwen te renmen kou a paske anrejistreman redifize yo, egzèsis yo ak tout Powerpoints yo pèmèt nou pratike lè nou vle. Fòmatè a te reyèlman dinamik ak disponib pou nou.
Kou a byen striktire epi trè fasil pou swiv. Apre chak leson, gen egzèsis pou yon pi bon konpreyansyon sou matyè kou a. Kou a trè enteresan.
Mwen gen rasin ayisyen ak kebekwa. Mwen te toujou vle pou moun ki nan antouraj mwen yo aprann mwen kreyòl, men mwen jennen. Mwen renmen kou a paske menm lè li sou entènèt, yo toujou ankouraje entèraksyon ant etidyan yo.
ENSKRI KOUNYE A MENM
NIVO YO
-
NIVO APRANTISAJ
- DEBITAN
- Entèmedyè
- Avanse
- Pro/Biznis
- –
- –
FÒMA
-
FÒMA KOU YO
- Nan klas
- Sou entènèt
- Anrejistre davans
- Prive/Semi-prive
- Biznis/evènman
- –
GWOUP LAJ
-
GWOUP MOUN NOU SÈVI
- Zwa (0 a 6 lane)
- Ti Zanfan (7 a 9 lane)
- Gran Zanfan (9 a 12 lane)
- Zado (13 a 19 lane)
- Granmoun (20 a 49 lane)
- Gran Granmoun (50 lane e+)
Amelyore konpetans langaj oral ak pwononsyasyon ou
Amelyore konpetans ekriti ak gramè ou
Pratike lekti ou ak konpreyansyon tèks ou
Devlope abilite ou nan redaksyon ak kreyasyon
Devlope tèt ou atravè travay an ekip
Patisipe nan atelye apwofondisman (dikte, literati ayisyen, elatriye)
Pratike atravè konvèsasyon, odyo ak videyo
Dekouvri istwa, evolisyon kreyòl ayisyen an ak pwoblèm sosyal ki antoure lang nan
Aprann an pwofondè atravè yon pwogram lineyè
Dekouvri ti fason pou amelyore aksan ou
Itilize mizik, chan ak jwèt pou'w aprann nan yon fason divètisan
Onore epi asire transmisyon kilti a bay jenerasyon kap vini yo
Jwi de yon aksè privilejye nan kilti ayisyen an
Komantè Facebook