EKIP CENTRE TOUSSAINT AN
FONDATRIS

SLY TOUSSAINT
konferansye, ekspè nan devlopman ak kilti ayisyen
Sly Toussaint gen yon infliyans sou lavi moun ki vle devlope ak apwofondi konesans yo nan kilti ayisyen gras ak kapasite li nan kreyasyon pwogram aprantisaj revelatè ak transfòmatè.
Li viv nan kè Pòtoprens soti 2001 pou rive 2008, kote li te jwenn tout ekspètiz li a. Aprè yon eksperyans twomatizan Sly viv, li te oblije retounen Montreal. Chòk emosyonèl la te brital ... Se depi 2009, li envesti tèt li avèk pasyon nan kwasans pèsonèl.
Li anseye dans depi 2002 ak kreyòl ayisyen depi 2017. Li gen yon bakaloreya nan administrasyon biznis nan HEC Montreal ak yon espesyalizasyon nan Maketing ak Jesyon. Sly patisipe nan anpil gwo festival nan Monreyal la, tankou Festival de Jazz, Les Nuits d'Afrique, Haïti en Folie ak plis toujou!
Mantra li se "Viv san resèv". Li kwè si nou vle akonpli tèt nou nan prezan epi si nou vlè reyalize demen, fòk nou konn pase nou.
Sly Toussaint gen yon istwa inik epi ki otantik. Yo rekonèt li pou pozitivite li, kouraj li ak angajman li nan siksè tout moun.
DEFILE NAN PATI JIS ANBA PAJ LA
MANM EKIP LA
Danse toujou fè pati lavi Anica. Li te kòmanse ak dans Afriken (soukous, ndombolo, koupe dékalé) paske li te renmen ritm rapid nan stil mizik sa yo. Se nan adolesans li ke li kòmanse danse dans tradisyonèl ayisyen yo li pa janm sispann jiske la! Pandan sis ane li pase yo nan fòmasyon dans, li jwenn opòtinite devlope plis nan stil dans pi klasik tankou balè ak kontanporen. Li kreye "Boo-G-Kow" an 2018, yon pwogram ki gen pou objektif pou fè dans aksesib pou tout moun. Anica renmen spò ak kondisyonnman fizik anpil. Li trouve dans - sitou dans ayisyen - se youn nan pi bon antrenman fizik ki te ka genyen.
ANICA FÉLICIN
Pwofesè dans ayisyen
Ayisyen natif natal, depi trè jèn pasyon Barbara pou kwit manje ak sans ospitalite li te kòmanse manifeste. Li renmen pataje konesans li anpil. Aprè li te fin etidye nan otèlri, nan volonté li pou fòme jèn yo ak nan lespri pataj li, li te kreye pwòp lekòl kwizin li nan Okap: EMMEH. Li kwè nan pataje konesans gastronomik li, li aprann plis pou tèt li.
Barbara te toujou demake pami tout moun pou lespri kreyatif li ak ladrès kominikasyon li. Pou li, yon kwizin se yon kote pafè pou nou pale de tout bagay! Se sa ki fè li te kreye « Barbara Recoit », kote li resevwa envite nan kwizin li pou yo pale de divès sijè sosyal. Detèminasyon li, fason li koute lè nou ap pale avèk li ak pasyon li pou kilti ayisyen an te fè li rantre nan fanmi Centre Toussaint an.
BARBARA MICHEL JOSEPH
Pwofesè kwizin ayisyen
Ayisyen de nesans, Carline se yon moun ki renmen lang epi ki gen yon lanmou spesyal pou kilti ayisyen an. Li kòmanse imèsyon li nan kreyòl ayisyen lè li te gen 4 an. Se konsa grann li, nan pale, prezante l nan blag, bote ak lavi ki egziste nan lang sa a, pandan yo te lakay yo an fanmi. Pandan fòmasyon akademik li, kou lang etranje li yo te pèmèt li konprann kijan aprann yon lòt lang pèmèt nou louvri sou mond lan.
Aprann lang ekri a se, dapre li, yon ekselan fason pou yo prezante richès kreyòl ayisyen an pou yon moun ki debitan. Dekonstrui lide kreyòl se pa yon lang yo dwe valorize nan menm nivo ak nenpòt lòt lang se youn nan objektif prensipal kou li yo.
CARLINE JEUNE
Pwofesè kreyòl ayisyen
Depi Eudia tout piti lap benyen nan kilti ayisyen an sitou se grann li ki te leve l. Kirye natirèl epi moun ki renmen lang, li satisfè swaf konesans li nan liv ak diksyonè an kreyòl ayisyen. Apre, li fè benevola ak timoun. Li ede yo fè devwa yo epi li montre yo koud, fè manje, elatriye.
Kounye a la, Eudia dekroche yon metriz nan ègoterapi. Ansèyman rete nan lavi li chak jou paske travay li se sèvi ak edikasyon nan pwosesis reyabilitasyon. Anplis de sa, li pran swen fòmasyon nouvo anplwaye ak nouvo stajyè yo. Se ak tout gwo eksperyans sa yo epi ak pasyon li pou rasin li kounye a la lap anseye kreyòl ayisyen pou timoun tankou granmoun.
EUDIA JEAN
Pwofesè kreyòl ayisyen
Fèt nan Monreyal, avèk origin ayisyen, Medjine gen yon bakaloreya nan etid entènasyonal, avèk yon diplòm spesyalize nan jesyon. Pasyone pou jesyon pwojè ak kilti ayisyen an, Medjine te ede òganize plizyè konferans sou sijè aktyalite an Ayiti lè li te nan inivèsite, epi imedyatman aprè li te patisipe kòm benevòl nan anpil òganizasyon nan kominote ayisyen an nan Montréal.
Youn nan sitasyon ke li pi renmen: Tounen chanjman ou vle wè nan mond lan - Nelson Mandela
Kom li te vizite peyi orijin li pou premye fwa nan ventèn li, Medjine vle pou tout moun, sitou timoun ki soti nan dyaspora ayisyen an, gen opòtinite ak resous pou yo aprann plis sou kilti ayisyen an pi bonè.
MEDJINE ANTOINE-BELLAMY
ÒGANIZATÈ EVÈNMAN
Ro Damis ap danse depi laj de 7 an. Tout okazyon te bon pou li pratike pasyon li. Li te konn patisipe nan spektak nan lekòl elemantè ak segondè li. Se nan moman sa yo li reyalize talan natirèl li nan pèfòmans ak kreyasyon koregrafi. Li deside fòme tèt li pou li fè talan sa yo tounen yon pwofesyon.
Li pran kou dancehall, dans ayisyen, hip hop, elatriye ak pi bon dansè yo nan Kanada. An 2010, li jwenn yon ajans dans pwofesyonèl avèk ki li fè anpil spektak ak konpetisyon nan Montreal, Québec ak Trois-Rivières. An 2012, li fonde pwòp gwoup li pou li te ka bay sèvis animasyon dans nan evènman. Lap anseye ak transmèt pasyon li depi 2013.
RO DAMIS
Pwofesè dans folklorik ayisyen
Fèt Ayiti, Ronald ap jwe tanbou depi li tou timoun. Li parèt sou sèn lokal, nasyonal e menm entènasyonal kote li pataje pasyon li pou son tanbou rich nou yo ak ritm ayisyen yo. Pasyon sa a mennen’l rive fonde yon fòmasyon mizik ki rele « Rara Solèy » an 2013. Li se direktè atistik gwoup mizik sa tou. Misyon gwoup la se ankouraje ak prezève kilti tradisyonèl ayisyen an. Ronald ap pouswiv misyon sa a travè Centre Toussaint an.
Ronald Nazaire se yon referans sou kesyon pèkisyon ayisyen nan Montréal la. Li patisipe nan plizyè spektak ak emisyon televizyon ki gen anpil renome, pami evènman sa yo nou genyen, Festival Haïti en Folie, Belle et Bum, elatriye. Nan mwa mas 2020, Rara Solèy te soti premye album li "Nou La".
RONALD NAZAIRE
Pwofesè pèkisyon ayisyen
Fèt an Ayiti epi grandi nan Montréal, Schedly gen yon bakaloreya miltidisiplinè nan Inivèsite Québec à Montréal. Avèk plis pase 5 ane eksperyans nan jesyon resous imen, li te rive fe diferans kòm jesyonè nan domèn li an.
Youn nan sitasyon li pi renmen yo: “Mwen aprann moun ap bliye sa ou te di, moun ap bliye sa ou te fè, men moun pap janm bliye jan yo te santi yo avèk ou. »(Maya Angelou).
Depi tou piti, Schedly te toujou gen yon gwo enterè nan istwa ak kilti ayisyen an. Se konsa, jodi a, li deside itilize ekspètiz ak eksperyans li pou sèvi Centre Toussaint an.
SCHEDLY LIMA
Gesyonè nan resous imen
Ayisyen de nesans, Véroushka ap danse depi li gen 3 zan. Li swiv kou nan atizay dramatik ak dans klasik, kontanporen ak folklorik ayisyen. Li rivé Kanada a 18 lane. Li kontinye fòmasyon li a travè anpil kou, estaj ak atelye entansif a la fwa nan Kanada ak Etazini.
Depi 2010, li espesyalize li nan dans tradisyonèl ayisyen, Afro-kontanporen ak Dancehall e li fè pati konpayi « Aurée Danse-Création » konseye li Shérane Figaro ap dirijé. An 2018, li te patisipe nan emisyon "Julie Snyder présente Danser Pour Gagner" sou chènn nasyonal VTélé ak twoup li a ki te rele « Womanity ». Yo te rive nan Top 5 pi bon twoup dans uben nan pwovens Quebec la. Véroushka kwè nan devlopman pèsonèl epi li pa janm fatige nan dekouvri ak ankouraje dans.
VÉROUSHKA EUGÈNE
Pwofesè dans folklorik ayisyen
Winnie J. fèt an Ayiti. Li ap etidye ansèyman. Li toujou ap defann enpòtans edikasyon ak enpòtans konesans istwa nou. Tout bagay kòmanse ak kou li te konn bay timoun lekòl elemantè nan CÉGEP Marie-Victorin lè wikenn. Sa a pral evantyèlman mennen l 'nan travay ak timoun Afro-desandan nan « Commission scolaire de la Pointe de l’Île ». Objektif la se : aprann timoun yo istwa yo ak jwèt, dans epi chante. Winnie bay kou istwa pou granmoun depi 2017.
Yo rekonèt Winnie pou enplikasyon li nan kominote nwa Montreal la. Enfliyansè ak blogè, li òganize konferans ki envite piblik la vin pran plezi yo pandan yap aprann.
WINNIE JOSEPH
Pwofesè istwa Ayiti