FANM KI GEN PASYON NAN CENTRE TOUSSAINT
8 Mas se jounen entènasyonal dwa fanm yo. Sa a se opòtinite pafè a onore tout fanm ki ozalantou ou. Sitou moun ki fè anpil byen bò kote yo. Nan Sant Tousen, pa gen mank fanm fò. Se poutèt sa, yo se sijè a nan atik mwa sa a.
Men sa yo reponn lè nou poze yo kestyon:
"Ki enpòtans kou ou ap bay la genyen? "
______________________________________________________
“Si ou pa konnen istwa D’Ayiti, ou pap ka konprann sitiyasyon aktyèl nan peyi a. Nou ka wè ke nou pa aprann de erè nou yo. Nou pa reyalize ki kote bagay yo mal pase pou nou te ka korije yo... Lè nou analize plas elit ak boujwazi ayisyen an nan istwa’l, nou reyalize ke nou nan yon kont-revolisyon de plan inisyal la ... Tout moun gen yon opinyon sou Ayiti! Si ou pa enfòme epi si ou pa konprann pwoblèm yo, ou pral jis aksepte ke lòt moun mete yon etikèt sou peyi’w, ou pap konnen ki kote ou soti, ou pap kontribye nan avansman peyi a. Li esansyel pou ou reyalize ke nenpòt etikèt ke yo mete sou Ayiti se otomatikman yon etikèt ke yo mete sou tout Ayisyen (...).
– Miss Winnie J
Istwa D'Ayiti
"Kilti ayisyen an se yon bagay ke nou dwe nouri epi nou dwe kontinye fè’l grandi nan tèt nou ak nan tèt lòt moun. Se yon kilti extrèmman rich e enteresan! Li ankouraje valè ki enpòtan pou limanite. Se konsa, kòm yon ayisyen, mwen defini tèt mwen a travè kilti mwen. Se yon privilèj pou mwen pou mwen pataje idantite sa a, fyète sa a ke mwen genyen pou pèp mwen an, istwa mwen ak peyi mwen, avèk lòt moun. "
– Véroushka Eugène
Dans folklorik ayisyen
"Yon lang se yon zouti ki pèmèt nou konekte ak yon kilti. Nan ka kreyòl la, telman gen bagay pou nou dekouvri an tèm de istwa, konesans ak tradisyon! Aksè nou a tout bagay sa a yo limite si nou pa metrize lang lan. Anpil moun panse ke yo ka li ak ekri kreyòl paske yo pale yon ti kras kreyòl lakay yo oswa avèk zanmi yo, oswa paske yo ekri kèk mo sou Facebook. Poutan, se pa vre. Gen anpil règ debaz ekriti ak gramè ke majorite moun pa konnen. Kreyòl se yon bèl lang. Se lang nou. Li esansyèl pou nou respekte’l. Se responsablite nou pou nou ka transmèt li byen. "
– Carline JD
Kreyòl Ayisyen
“Kominote kreyolofòn nan Monreyal la gwo anpil. Poutan pa gen anpil moun nan kominote a ki ka li ak ekri kreyòl la kòrèkteman. Toutan map tande moun ap di, "Mwen pa pratike ase, se poutèt sa mwen gen pwoblèm pou mwen pale lang lan!" Se sa ki fè ke mwen panse ke kou mwen ap bay yo vrèman enpòtan! Se yon « espas sekirize » pou moun yo ka ranfòse kreyòl oral yo, kapasite lekti ak ekri yo, pandan ke yo gen yon ouvèti sou literati ak folklò ayisyen an! "
– Eudia Jean
Lekti, ekriti ak konvèsasyon an Kreyòl
“Dans ayisyen an libere kò, lespri ak enèji. Li mobilize tout kò a nèt. Mouvman yo ba ou enpresyon ke ou ka santi koneksyon ki genyen nan tout pati nan kò’w nèt. Li enpòtan pou mwen pou mwen anseye kilti’m, pou mwen pataje konesans mwen ak ladrès mwen nan yon fason ki pi natirèl ak relax posib. Patisipan yo dekouvri tèt yo, yo dekouvri limit yo. Yo libere epi rekonekte ak tèt yo. "
– Marie Gabrielle Léon
Dans folklorik ayisyen
"Mwen kwè ke li enpòtan pou nou soti nan zòn konfò nou de tan zan tan, pou nou fè bagay ke nou pa janm fè. Gen kèk moun ki al danse pou yo pèdi pwa oswa pou yo fè ti egzèsis, gen lòt moun, se pou yo libere tèt yo oubyen pou yo retire enèji negatif, strès, pèn ak doulè. Se yon fason pou nou eksprime tèt nou ak mouvman. Spesyalman lè nou ap danse ak talon kikit, nou travay sou ekilib nou, feminite nou ak janm nou! Nou travay janm nou anpil. "
– Ro Damis
Dans iben ak talon
Nap bay lòt kou sesyon sa a tout tankou: introdiksyon nan literati ayisyen, e fitness an gwoup.
Komantè Facebook