DANS TRADISYONÈL AYISYEN YO: YANVALOU
Dans tradisyonèl ayisyen yo se yon pati entegral nan istwa ak kilti ayisyen an. Yo nan sant rasanbleman yo e yo esansyèl pou ekspresyon espirityalite pèp la. Yanvalou, se dans tradisyonèl ki pi popilè a, se dans moun pi pa konnen byen. Poutèt anpil moun gen prejije sou fondasyon li yo, koneksyon li genyen ak kilti vodou a ak mesaj mouvman ondulasyon yo transmèt. Se poutèt sa nou bezwen klere yon limyè sou orijin Yanvalou, ekspoze sans mouvman li yo ak demistifye fo kwayans yo.
______________________________________________________
Kijan Yanvalou fè rive Ayiti?
Ou dwe konnen Yanvalou soti nan Lafrik Delwès, presizeman nan Benen. Dans lan rive nan zile a ak Afriken yo. Menm jan ak lang nan epi chante yo, mouvman dans yo nan pami sèl bagay esklav yo te kapab pote avèk yo sou bato yo. Yanvalou fè pati eritaj Ayisyen ki soti nan Lafrik. Dans se te yon fason pou gason ak fanm sa yo te ka rete konekte ak zansèt yo. Se nan danse Afriken yo te kapab eksprime tèt yo ak kò yo. Mouvman ondilasyon Yanvalou yo te konn ede nanm nan geri epi ede moun yo travèse difikilte ki nan lavi yon esklav.
Mouvman inik ki nan Yanvalou yo
Apre sa, ou dwe konnen li fasil pou ou fè distenksyon ant Yanvalou epi lòt dans tradisyonèl ayisyen yo. Mouvman inik li yo imite vag oseyan yo. Pou reyalize yo, dansè a dwe retire tout tansyon miskilè li ka genyen. Li dwe kite tèt li ale nan ondulasyon kò l soti nan baz tèt li rive nan pleksis sakral li, pase nan senti li. Lè yon dansè reyisi kite tout kò l ale konsa, se paske li kite tout enèji negatif ki te anndan li ale tou. Pa gen anyen ki pi bèl pase wè yon dansè fè mouvman sa yo. Ondilasyon sa yo, tankou mouvman koulèv la, ipnotize epi fè nou sonje lanati. Danse Yanvalou mande pou ou prezan ak konsyan. Yanvalou bon pou kò w ak lespri w.
Lyen ant Yanvalou ak vodou
Sa fè plizyè santèn lane, yo danse Yanvalou nan seremoni vodou, pou onore Lwa Danbala. Vodou se pa yon relijyon tradisyonèl, okontrè, se yon pratik ki ankouraje tradisyon, kominyon ak kominikasyon ak zansèt yo. Lè yo danse Yanvalou, dansè yo mete koulè blan e ble. Sa fè sonje lavi, fètilite ak amoni. Men, kèlkeswa sa yon moun di sou li, li enpòtan pou konnen "paske yon dansè oswa yon koregraf danse Yanvalou sa pa vle di ke li se yon pratikan vodou. Vodouyis, se yon pwosesis lavi ki mande anpil disiplin, jan sa ye nan Boudis. Paske ou boule lansan, medite, oswa pratike yoga pa vle di ou vin yon mwàn.”1
An konklizyon
Antoulèka, se te yon ti apèsi nan Yanvalou. Se sèlman pandan w ap danse ou ka vrèman apresye bote dans sa a. Nan Centre Toussaint, tout pwofesè yo pasyone. Moun ki bay kou yo dans tradisyonèl yo ap viv nan Monreyal, men yo tout te aprann danse Ayiti. Pandan klasyo, w ap aprann mouvman yo, men w ap aprann respekte orijin dans lan tou, paske danse Yanvalou se onore kilti ayisyen an nan tout aspè li yo, kèlkeswa kote ou ye.
Lòt atik nan seri a: Les danses traditionnelles d’Haïti
Poukisa ou pa swiv kou dans ayisyen ak Centre Toussaint?
Fè m konnen nan kòmantè yo si ou te gentan danse Yanvalou.
Komantè Facebook