SLY TOUSSAINT VS TOUSSAINT LOUVERTURE

Jodi a se 7 Avril. Se yon jou byen spesyal paske se 216èm anivèsè lanmò Toussaint Louverture. Men, kiyès ki Toussaint Louverture a?

______________________________________________________

Li fèt an 1743. Li mouri an 1803 a laj de swasant an. Kan mènm, sa fè anpil tan enplikasyon ak travay pou nasyon ayisyen an.

Yo rele li preparatè endepandans Ayiti. Poukisa preparatè? Paske li mouri an 1803 alòs ke endepandans lan fèt 1er janvye 1804, donk 8 mwa aprè lanmò Toussaint. Malerezman, li pap janm wè endepandans sa a malgre tout goumen li goumen pou li.

Jounen jodi a 216 an apre, nou toujou ap pale de Toussaint. Nou toujou ap komemore li. Non li toujou rete byen vivan nan panse nou ak nan kè nou tout.

Mwen fyè pote non sa a anpil. Mwen se Sly Toussaint, yon ekspè nan devlopman ak kilti ayisyen. Mwen fyè dèske mwen fonde yon konpayi ki pote non sa a tou: Centre Toussaint.

Gade’m, Sly Toussaint, ki ap pale de Centre Toussaint an ak enpòtans tout desandans Toussaint yo nan video sa a.

Komantè Facebook