ZEN KATYE A
Moun yo ki ekri istwa sa a te enskri nan kou Kreyòl ayisyen entèmedyè Centre Toussaint ofri a. Moun sa yo jwenn youn nan pi gwo rezilta pami tout elèv nan kou a pou konpozisyon ekri. Chak elèv te dwe ekri yon dyalòg, poukont li oswa ak yon lòt moun, nan konpozisyon an nou te dwe jwenn diferan nosyon yo te aprann nan kou a. Sa bay yon bèl rezilta! Centre Toussaint fyè prezante nou istwa orijinal elèv yo konpoze. Se Sly Toussaint ki korije tout istwa yo. Bon lekti!
______________________________________________________
Tripotay de vwazin k ap rakonte zen katye a
Pandan yon chalè ete, nan yon ti vilaj ki lwen lwen, Ivwoz t ap bale galri a. Bèlsè l rive san souf, li kouri pou li di l rimè jounen an.
Ivwoz: Lisyèn! Kijan ou ye? Li sitèlman bonè, poukisa ou prese wè m?
Lisyèn: Ou pa konn kisa? M wè manmzèl Sofoni kite plas Tonton Jan Klod, maten an. Li gade m epi voup, li manke chape poul li!
I: Ki moun? Sofoni? Vwazin konpè Nestò a? Èske se li men ki marye ak Fatal la?
L: Ditou! Se lòt la, ki rete anfas nan gwo koulè krèm nan.
I: Manmzèl? Ki te mete on ti wòb wouj klere nan maryaj Pasyans lan?
L: Wi, m kwè sa! Se li menm!
I: Pa li menm! M pa kwè sa! Avèk Tonton Jan Klod…? Mwen tande Sofoni te konn sakrifye kabrit pou fè posyon lanmou. Se Madan Rejin ki te ban m nouvèl sa a lotrejou.
L: Se li menm menm!
I: Podyab Jan Klod, yo pyeje l!… Manyen konte m! Èske w te pale avè l?
L: Yès! M vin fasafas avè l antravè lari a. Mwen mande l kisa l ap fè la, li pèdi mo! Li bafouye, li di: «M te vin pran ze pou m fè yon gato pou fèt nyès mwen an»… Anvan solèy leve? Ak yon bebidòl epi talon kikit?
I: Mmm Mmmm. Gad on zen pitit! An nou rive kot Mariz! Li pral kontan tande istwa sa a tou, wi! An nou di l!
An konklizyon
Medam yo rive kot Mariz pou yo ba l zen an epi Mariz al rakonte yon lòt moun. Se nan konsa, tout moun vin konn zen katye a.
Poukisa ou pa swiv kou kreyòl ayisyen ak Centre Toussaint?
Pandan w ap tann pou w enskri, kontinye li istwa an Kreyòl ayisyen sou sit entènèt nou an. Fè m konnen nan kòmantè yo sa ou te renmen nan istwa sa a.
Otè yo: Fal Petit & Alice Comtois-Hubert
Komantè Facebook