Pa gen limit nan sa ou ka akonpli.
Benefis ki genyen nan sèvi kòm volontè avèk nou yo anpil!
Mwen pasyone lang yo. Pandan BAC mwen an nan ansèyman franse kòm yon dezyèm lang, mwen apwofondi konesans mwen avèk kou didaktik, istwa lang, elatriye. Mwen renmen opòtinite pou mete talan ak pasyon mwen yo lè mwen patisipe nan Centre Toussaint.
Mwen fèt Potoprens. Mwen devlope yon pi gwo apresyasyon pou kizin ak kilti ayisyen depi mwen al rete New York pou kontinye etid mwen nan inivèsite. Mwen renmen opòtinite pou konekte moun ak kilti.
Lang pote moun ansanm, idantifye yo, ekspoze istwa yo ak kilti yo. Se nan lide sa a ke mwen fè kontribisyon mwen nan Centre lan sou yon baz volontè, avèk espwa presye eritaj ayisyen an - lang kreyòl ansanm ak kilti a - ap vin pi aksesib epi transmèt bay jenerasyon kap vini yo.
Komantè Facebook