5 BON REZON POU APRANN YON NOUVO LANG

Souvan, nou tande pale sou avantaj ki genyen nan aprann yon timoun pale plis pase yon lang. Yo pwouve aprantisaj pi fasil lè timoun nan piti e sa a pral yon avantaj nan lavi li lè li pi gran. Tout sa yo se verite tou pou moun ki nan laj granmoun! Nan yon vil divèsifye tankou Monreyal, aprann lang etranje tankou kreyòl ayisyen, panyòl oswa arab ba ou yon avantaj konkiransyel ki pa neglijab. Jodi a, Centre Toussaint vle prezante ou 5 bon rezon pou aprann yon nouvo lang paske nou konnen ke ou vle louvri orizon ou, teste kapasite entelektyèl ou ak demake de lòt moun.

______________________________________________________

1. KONEKTE AK MOUN YO

Tou dabò, aprann yon lang pèmèt ou gen yon aksè privilejye ak yon pèp. Yon fwa ou fin aprann nouvo lang nan, ou ka kominike nan yon fason entim ak yon popilasyon antye ki diferan. Se yon don, yon onè. Pale ak yon moun nan lang natif natal li se yon lyen dirèk nan kè moun sa a. Se konsa nou ka fè zanmi epi se konsa tou yo ka pi fasil aksepte nou nan yon kominote. Aprann lang nan montre nou fè yon efò e li atire jantiyès moun yo. Lap ba ou yon aksè a yon seri de moun.

2. NOURI AK STIMILE SÈVO OU

Answit, aprann yon dezyèm lang amelyore memwa, ogmante konsantrasyon ak kreyativite. Lè ou bileng oswa ou miltileng sa ralanti laj mantal ou paske sa kenbe sèvo ou aktif. Lè ou pale plis pase yon lang, ou konn plis mo ak ekspresyon. Nou ap sonje règ gramè nan nouvo lang sa yo anplis de lang matènèl nou an. Se yon fason pou nou kenbe sèvo nou aktif.

3. OGMANTE OPÒTINITE KARYÈ OU

Aprann yon nouvo lang epi demake tèt ou de tout konpetisyon. Tounen yon avantaj pou biznis ou. Jodi a, mache etranje yo ap agrandi epi pwofesyonèl ki pale plis pase yon lang yo an demann. Bileng oswa miltileng pa sèlman pèmèt ou kominike avèk kliyan etranje, men li pèmèt ou kominike tou ak popilasyon lokal la ki fèt aletranje. Si ou pale kreyòl ayisyen, sa reprezante 14 milyon kliyan potansyèl atravè mond lan. Nan Kanada sèlman ou ap jwenn 200 000 nan moun sa yo kòm kliyan potansyèl! Se pou sa ke konpetans lang pa dwe neglije.

4. AKSEDE A PLIS KONESANS

Pale yon lòt lang pa sèlman ba ou aksè a moun ki pale lang sa a tou, men a tout kontni ki disponib nan lang sa a. Gras a entènèt, si ou pale kreyòl ayisyen ou ap gen aksè a divès jounal lokal, chènn nouvèl nan tele, fim klasik ak nenpòt lòt ouvraj nan lang orijinal la. Sa a se yon lòt fason pou ou konprann pwoblèm yo ak valè spesifik ki genyen nan yon peyi.

5. APRÒCH AK YON VIZYON DEFERAN

Pale lang yon pèp se yon pòt antre nan kilti pèp sa a. Lè ou fin eksplore kilti sa a, ou kapab fè koneksyon ak konparezon ak kilti pa ou a. Ou ap gen opòtinite wè bagay yo sou yon lòt ang, epi ou ap ka mete yo an pèspektiv. Sou yon bò, sa ap pèmèt ou apresye tout sa kilti sa a reprezante nèt, nan yon lòt bò, lap pèmèt ou kontribye pozitivman nan kilti sa a.

An konklizyon

Aprann yon nouvo lang se yon konpetans ki genyen anpil, anpil valè. Se yon avantaj ki afekte tout zòn nan lavi ou pozitivman. Sa ap pèmèt ou dekouvri mond ki antourew la nan yon fason diferan. Kèlkeswa laj ou, li pa janm twò ta pou ou aprann yon lòt lang.

Poukisa ou pa tou kòmanse ak kreyòl ayisyen? Aprann ak Centre Toussaint!

Fè m konnen nan kòmantè yo si ou konnen nenpòt lòt bon rezon pou aprann yon nouvo lang.

Otè: Shanna Aristil

Komantè Facebook