POLITIK KONFIDANSYALITE

Centre Toussaint pran angajman pou li respekte vi prive kliyan li yo. Politik konfidansyalite sa bay lè jis sou koleksyon done ki fèt sou sit entènèt nou an ak itilizasyon done sa yo.

Nan kèk kote, nou ka mande’w pou ou mete enfòmasyon pèsonèl ou tankou nimewo telefòn, adrès imèl, adrès kote ou rete, oswa lòt enfòmasyon ki konsène oumenm selman. Li posib tou pou nou kolekte enfòmasyon demografik tankou laj ou, sèks ou idantifye ou, sa ou ap fè nan la vi ou, elatriye. An plis de sa, nou ka kontwole itilizasyon sit nou an, pa egzanp, si ou te ale sou paj "FAQ" an oubyen paj "Centre" lan.

Tout enfòmasyon ke nou kenbe se pou yon amelyorasyon konstan de sit nou an epi tou pou nou fè pwomosyon pèsonalize de sèvis ak pwodwi nou yo ke ou ka pwobableman bezwen.

Nou itilize sèvis plizyè founisè sèvis pèyman. Tou depann de metòd pèyman ke ou chwazi lè ou ap fè yon komand, founisè sèvis pèyman mandate yo responsab pou yo kolekte ak trete done pèyman an.

Centre Toussaint pap janm pataje okenn enfòmasyon ak yon lòt sosyete an deyò de li, sof si lalwa oblije li fè sa, oswa si nou kwè ak tout bòn volonte nou ke sa nesesè pou nou konfòme nou ak yon egzijans legal, oswa pou nou konfòme nou ak yon pwosedi legal pou nou pwoteje dwa Centre Toussaint an oubyen pou nou pwoteje sekirite publik la.

Komantè Facebook