KONDISYON JENERAL YO

Nou swete ou byen veni sou sit entènèt nou an. Anba a, ou ap jwenn tèm ak kondisyon ke ou dakò swiv pandan ou ap navige sou sit entènèt nou an. Chak fwa ke ou wè mo « nou », «www.centretoussaint.com» ak «Centre Toussaint» se de Centre Toussaint an ke nou ap pale. Chak fwa ke ou wè mo « ou menm », « nou », « ou », ak « kliyantèl la » nap pale de ou menm ki se yon kliyantèl posib pou pwodwi ak sèvis nou yo.

Pwopriyete entelektyèl

Nap site tout enfòmasyon ki sou sit nou an e ke nou pa posede pou nou ka respekte moun ki kreye enfòmasyon sa yo ak pwopriyete entelektyèl li. Nou atann nou a se ke tout moun ki pataje kontni sit Centre la fè yon referans klè ak dirèk de Centre Toussaint an, ke se swa a travè logo nou an, lyen sit entènèt nou an, idantifyan sosyal nou yo, elatriye.

Lyen pou direksyon sous ekstèn

Sit la ka gen lyen entènèt ekstèn ki pa di tou sou kontròl Centre Toussaint. Poutèt sa nou pap ka responsab de kontni yo ak kondisyon jeneral yo. An menm tan, nou pa responsab, dirèkteman ou endirèkteman de nenpòt domaj ou pèt ki ta rive oubyen aparans pèt ki ta rive pa ou an relasyon ak itilizasyon oubyen konfians nan kontni sit sa yo, byen oswa sèvis ki disponib sou oubyen atravè sit entènèt sa yo oswa sèvis yo.

Modifikasyon

Nou resève dwa nou pou nou modifye oubyen ranplase kondisyon jeneral sa yo nenpòt ki lè. Pou nenpòt gwo revizyon enpòtan, li posib ke nou mete yon preavi sou sit nou an davans. Se sel noumenm ki ka deside kisa ki konsidere kòm yon chanjman enpòtan ou non.

Metòd pèyman

Nenpòt pèyman sou sit entènèt nou an ka fèt via PayPal, avèk yon kat de debi oubyen de kredi. Ou ap beswen pran yon randevou avèk nou si ou vle peye yon pwodwi oubyen yon sèvis nan sa nou ofri yo ak lajan kach.

Kontak

Si ou vle poze nenpòt kesyon, ou ka kontakte nou nan lyen yo mansyone yo nan pati anba paj la

Komantè Facebook